LANDRY BELIZAIRE, ESQUIRE
Belizaire & Associates P.A.
Avoka Ayisyen (NY / NJ )
www.belizairelaw.com
info@belizairelaw.com
T: 973.748.0808; F: 973.748-3949
YON BON KABINÈ AVOKA AYISYEN
Kabinè Avoka Landry Belizaire se yon bon kabinè ayisyen ki la pou sèvi diferan kominote ki rete nan zòn Nouyòk-Noujèze a. Tout kalite dosye nou prezante devan li, kabinè a ap reponn: dosye pwoblèm nan fanmi, dosye kriminèl, dosye kontravansyon machin, dosye diskisyon ak moun osnon biznis, dosye imigrasyon, natiralizasyon osnon dwa entènasyonal.
Objektif nou nan Kabinè Landry Belizaire se pou nou konsantre nou sou chak dosye, avèk bon jan serye, avèk respè pou kliyan nou yo, on jan pou nou kapab pote bon rezilta, kèlkelanswa kote kliyan an soti, kèlkelanswa mwayen l genyen, kèlkelanswa koulè l, kèlkelanswa relijyon li.
Depi ou gen on pwoblèm ki mande pou konsèy avoka, kontakte nou tousuit nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com.
MÈT LANDRY BELIZAIRE, AVOKA AYISYEN
Mèt Landry Belizaire diplome nan Fakilte de Dwa Inivèsite Rutgers. Se li menm ki an tèt ekip avoka Kabinè Belizaire a.
|
Fòmasyon ak esperyans pwofesyonèl |
Men ki kalite esperyans pwofesyonèl Mèt Landry Belizaire genyen: (a) Li te estajyè nan Kou Siprèm Noujèze. (b)Li te travay nan 2 gwo kabinè avoka Noujèze, youn ladan yo espesyalize nan dwa entènasyonal. (c) Konnye a se plis dwa sivil, dwa fanmi, dwa kriminèl, dwa entènasyonal, ak lwa imigrasyon li okipe.
|
Nou kapab kontakte Mèt Landry Belizaire dirèkteman a 973-748-0808. Voye yon kourye elektwonik ba li nan adrès sa a lb@belizairelaw.com.
Kabinè Avoka Landry Belizaire chaje esperyans nan dosye tribinal sivil. Men kèk nan ka nou okipe yo:
Depi ou bezwen on bon avoka pou youn nan ka sa yo, kontakte Kabinè Avoka Landry Belizaire nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.cominfo@belizairelaw.com
KA KRIMINÈL
Kabinè Avoka Landry Belizaire okipe tout kalite ka kriminèl, soti nan eskandal piblik rive nan krim toutbon. Depi moman arestasyon an nou la ak kliyan nou jiskaske jijman fèt. Nou konnen enpòtans libète e nou kwè lè yo akize on moun, li inosan, tout tan tribinal pa deklare li koupab. Se sa k fè nou goumen pou nou fè respekte libète kliyan nou.
Nou toujou travay ak kliyan nou pou nou prepare bon jan defans solid pou nou ka jwenn bon rezilta.
Depi nou nan nenpòt ka kriminèl, kontakte Kabinè Avoka Landry Belizaire nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com
KA DIVOS / FANMI
Pou tout pwoblèm ki gen rapò ak divos/fanmi an, espesyalis lwa sou fanmi nan Kabinè Mèt Landry Belizaire kapab ede nou jwenn on solisyon ki an favè fanmi an. Nou gen anpil esperyans nan tout domèn lwa sou divos/fanmi:
Depi gen nenpòt pwoblèm ki konsène fanmi an, kontakte Kabinè Avoka Landry Belizaire nan Bloomfield nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com.
Nan seksyon imigrasyon Kabinè Avoka Belizè, nou okipe tout kalite dosye:
Avoka nou yo disponib 24 sou 24, pa telefòn osnon kourye elektwonik.
KA TRIBINAL DE PÈ AK KONTRAVANSYON MACHIN
Nou chaje esperyans nan ka tribinal de pè ak tout kalite kakontravansyon machin (kondi machin lè ou sou, kondi mal, sove apre aksidan, eksè vitès, kondi san lisans, pwoblèm enspeksyon machin…)
Si ou pran on kontravasyon osnon on moun rele ou nan tribinal de pè, kontakte nou Mèt Landry Belizaire nan 973-748-0808 osnon nan info@belizairelaw.com.